Ulysse Steevens Esaïe
Liv sa ekri nan objektif pou ede nou konprann kijan pou nou viv maryaj la, konnen kisa maryaj la ye epi aprann konnen kisa pou nou fè pou nou pwoteje maryaj la. Se premye liv ki ekri an kreyòl, sa vle di, otè a chwazi mete aksan sou pwoblèm maryaj ki konn ap pase lakay. Liv sa tou, pi gwo objektif li se bay lidè yo yon zouti kap pèmèt yo fè lekòl nipsyal avèk fidèl ki genyen pou yo marye yo.Nap raple nou, nou pa kapab genyen anpil maryaj ki solid akoz yo pa fòme moun yo davans, pou ede yo konprann kijan pou yo fonksyone nan maryaj la ; maryaj pa yon jwèt, se yon angajman sakre, se poutèt sa nou pote dokiman sa, yon fason pou piblik la kapab fòme epi konnen kijan pou yo genyen yon maryaj ki solid.Annou ede kominote nap viv la rive konprann sa ki rele maryaj la tout bon...